Pwezi m’
Pwezi m se yon boul glas nan yon flanm dife
Se lawouze nan tan lesèk
Son nich siwo son moso fyèl
Pwezi m se kalmi pou gwo doulè
Se vitamin pou djòl pa gou
Se branka pou kokobe
Adje !! Konsa tou…tande wi !
Pwezi m’se kiyè bwa l pa pè chalè
L’se kalbas gran djòl l’pa pè gwo dlo
L’se larivyè l’pa sere kras
Alòs ou wè li !
Gen pou tout mezi
Ti fòm gwo fòm
Medyom kon laj
Pa vini w ki pou sove w !
Pwezi m’se siman nan tout fondasyon
Bouji nan batèm tout ti tchovi
Dlo benit ak likè sou tab lenmò
Pwezi m’se vèvè nan lento wousi kanzo
Pwezi m’antre nan twou chouchou
Li se fanm saj, li konn tout fanm kan pèdisyon
Li se divinò, l’konn tout kretyen k’nan woule m debò
Pwezi m’se tchaka nan kwi marasa
Li se diven sou lotèl pè
Pwezi m’kretyen, l’ate l’vodouyzan
Li se lafwa lè zafè bon
Lasyans lè sityasyon yo konplike
Mistè lè ti nèg pran nan twa wa
Kidonk ou wè li ?
Yon kout dlo cho
Yon kout dlo frèt
Tanto l’sale
Tanto l’sikre
Pa gen sekrè l pa devwale
Pa gen baryè li pa franchi
‘’Se sityasyon ki fè aksyon’’
Pwezi m’antre fon nan politik
Pou l’wè kouman yo fè demagoji
Pou l’demaske tout vye mannèv
L’foure kò l’fon anndan legliz
Pou l’ka boule lipokrizi
Desitirè klèb zizani, sèk ti pil gwo pil
Li met ti chèz ba l’anba tonèl badjigan
Pou’l idantifye madigra ak bon mas
Pwezi m’pa aganman se chak jou l’chanje koulè
Paske l’ap evolye nan yon peyi libe libè
Ou pa ka deparye lajounnen ak lenwit
Peyi kote tout moun eple libète alanvè
Kote demokrasi se sinonim libètinaj
Pwezi m’bileng , l’pale franse l’pale kreyòl
Pou l egzije tout moun tande l’
Paske l’ap evolye nan yon peyi bouyon mimi
Kote lespri anpil moun marande
Kote entelektyèl, zotobre gwo palto
Podyab ! menm prezidan l’gen filèt nan lang
Yo pa ka pale ni fè siyi paske bouch yo gen baboukèt
Pwezi m’ batize tèt li :’’ASISTAN’’’
Asistan onorab mouche JAN KAPAB
Ki se GRAN oratèlengwismètseremoni
Anplis li se chaje dafè, responsab relasyon piblik,
Ekonomis, Doktè nan domèn rekonstriksyon,
Travayè sosyal, Sosyosikològ,
Espesyalis nan jere dezas,
enfen jesyonè èd imanitè
Sa w te konprann !
Pwezi m’ nan yon peyi vin pran vin pran
Yon peyi tout voum se do
Ki zafè etik, deyontoloji w’ap pale la
Pale fransè ? Wa yan !!!
Bon prezidan an wi ap fè likidasyon
W pa wè gouvènman sede plas li bayi ONG ?
Pa pran pa w !!!
Nan ka sa a pwezi m tounen kloròks
Pou l’dekòtike kras
Dezenfektan pou l kouri dèyè move lodè
Piman bouk k ap boule gwo midi
Pou chase malfektè ak move zè
Pwezi m etidye’’ LOUVRIJEYOLOJI’’
sa w vle l fè
Li espesyalis nan tout domèn
L’ap menyen manm tout sa k pa dwat
Pit kon mawon zannanna kon pengwen
Adje IDA ! Se bon !Se bon !
Pwezi m se sanba
L’ap met melodi sou tout pawòl
Ranje kò w pou non w pa nan rara
Sèlmam !!! M’m’m’
Pwezi m’pale w !
La Muse – Muselène Carilus
« La poésie n’est pas dans les mots mais ceux que deviennent les mots en atteignant l’âme »
About Muselène Carilus: Je suis originaire de la ville de Saint-Marc (Haïti). J’ai passé les 19 premières années de ma vie dans ce coin sympa du Département de l’Artibonite. Deux ans après mes études secondaires au Lycée Sténio Vincent, soit septembre 2005, j’ai été contraint de rentrer à Port-au- Prince pour des études en Communication Sociale à la Faculté des Sciences Humaines. Passionnée des langues étrangères, surtout l’espagnol, en 2007 je me suis inscrite à la faculté de Linguistique Appliquée. Pendant 3 ans, j’ai fait cette intéressante expérience de faire deux facultés en même temps. J’ai bouclé les études en communication sociale en 2009 et poursuivi celles en linguistique qui devraient normalement s’achever en 2011… J’y ai passé 3 ans et j’ai fermé mon dossier en 2010. Opportunités obligent ! Je suis restée 5 ans après mes études à Port-au- Prince dans le cadre de ma carrière professionnelle qui a débuté en 2010. J’ai travaillé pendant 2 ans comme Journaliste/Reporter et Présentatrice de journal à radio Mélodie F.M. A l’époque, je travaillais aussi comme pigiste à Inter News Haïti. De 2012 à 2015, j’ai occupé le poste de Responsable de communication et de Plaidoyer à la Plate-forme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains (POHDH). Pendant ces 5 ans d’expériences professionnelles, mon plus grand désir était de continuer mes études. Voilà ! Mon vœu se réalise, et je suis à Alexandrie en Egypte depuis septembre 2015 pour un Master en Développement, spécialité communication et médias. Oups ! J’ai hâte de finir avec ces études pour reprendre ma vie d’autres fois ! C’est bien moi ! J’aime le changement, j’aime bouger, voyager…Parfois instable…Une chose est certaine, j’aime la vie !